Available in: KreyòlEnglishFrançais



LES PUITS ERRANTS

TOUT PYI KI PÈDI WOUT YO
1969

Pyès sa a te prezante nan lane 1969 nan Brooklyn Academy of Music pou lansman plak “Piewo le Nwa”, yon travay kolektif twa powèt ayisyen ki te egzile nan Monreyal: Anthony Phelps, Jean-Richard Laforest ak Emile Ollivier. Espektak la te fèt tankou yon montaj powèm sa yo anpi lòt powèm Kateb Yacine ak Aimé Césaire te ekri. Se te Hervé Denis ki te mete li sou la sèn.


Espektak sa a te prezante nan lane 1970 nan Columbia University ak nan Brandeis High School, ki nan vil Nouyòk. Li te fèt pou prezante yon lòt lide pou fè yon teyat popilè, avèk rasin lan pèp la, pou denonse opresyon sistèm la; yon teyat total, avèk dans, mizik, chante, an pi tout fòlklò ayisyen an. An menm tan pou li ta fòse nou reflechi sou kontradiksyon sosyete a.

Premie pati espetak la se yon montaj tèx Frantz Fanon, Kateb Yacine, Berthold Brecht ak Aimé Césaire. Sèn teyat la dekore ak mask afriken. Dezyèm pati a se yon powèm dramatik Georges Castera, “Tambou ti bout la bout” – ki montre reyaksyon pèp lap anfas opresyon, avèk yon exile kap imajine yon envazyon ki soti aletranje.


COUMBITE

KOUMBIT
1971

Koumbit se yon fòm travay kolektif agrikiltè yo konn fè, avèk fòs chante yo fè pandan yap travay la. Li te prezante nan New York University nan lane 1971. Se Hervé Denis, ansanm ak Jacky Charlier, ki mete li sou la sèn. Espektak sa se yon montaj chante ak pyès satirik kap denonse diktati an Ayiti.

  • Chante popilè sou opresyon
  • Yon nèg kap tire kont ap chèche ki paròl li bezwen pou li akeyi piblik la. Uncle Sam vin rive ak chen li ki se yon tonton makout.
  • Nèg kap tire kont la mete pale pi rèd. Yon pwosesyon rantre sou sèn nan. Li pale pi fò pou yo pa tande fidèl yo kap lapriyè. Apre yon tan yo tout mete ansam pou chante yon pwotestasyon sou opresyon: ”Chwal la ap galonnen.”
  • Yon ti pyès komik sou la vi ayisyen ki nan peyi etranje.
  • Telegram Western Union : Divalye mouri . Merin ameriken ap sipòte pitit li o povwa. Tout moun pete ri, avek ampil kè kase.
  • Yon moun kampe ap pale sityasyon kriz  Ayiti an lè tèt yon bato ki kraze: ”lakay nou, chak kou lan nwit tonbe, la lin al bwè san Fò Dimanch”.
  • “Sentespri”: andan yon legliz yon pè makout touye yon jenòm.
  • “Vwa n ap donnen”: chante pou sonje tout moun ki mouri nan batay pou liberasyon moun.
  • “Nou pap dòmi bliye” : chante pou memwa tout revolisyonè Amerik latin.

MÉMOIRES D’UN BALAI

MEMWA YON BALE
1972

Se Sito Cavé ki ekri “Memwa yon Bale”, epi se Hervé Denis ki mete li sou la sèn.

Li te prezante nan lane 1972 nan Columbia University, epi nan Festival des Nations nan La Sorbonne, nan vil Paris, an Frans, nan lane 1973, epi tou nan Festival Culturel de Fort-de-France, nan zile Martinique, epi La Guadeloupe. Lide pyès sa a se Kanaval, men pa tankou yon selebrasyon: pito tankou yon gratèl, yon baryè, yon kesyon. Sa kap kache dèyè mask la yo? Lòt mask?

Yon Wa, yon Rèn, avèk sijè yo: yon wayòm kap mache, kap rale, kap reve… yon rèv ki santi fatra.

Anpi ganyen yon kras okenn kout bale pa ka wete… Pòtoprens: yon kote ki plen bri, Tout ambyans pyès la pa samble nan reyalite.

Premye sèn pyès la se yon riyèl lan yon katye pòv Pòtoprens, kote yon gwoup chòmè rasamble tou le jou pou yo pale sou mizè yo. Yon nèg kap bale kanpe pou veye yo, anpi lap fè konmantè sou  tou sa yap di. Pandan lap pale a, yon fi ki rele Vyèj parèt pou l rakonte nèg kap bale a istwa yon zetwal ki pa gen chans. Gwoup moun nan kontinye pale jis lè yon tonton makout rive. Li chwazi yon wa an pi li di yo se pou yo tout mache ale nan kanaval la; an pi li bayo rad pou yo mete nan kanaval la.

Nèg kap bale a kontinye ap pale, an pi Vyèj mete ap di li yon lòt istwa sou yon papiyon ki boule tèt li lan yon lamp.

Kanaval lan koumanse: mizik, danse, Wa a koumanse fè yon diskou pou foul moun yo; li mete ap di yo kanaval se yon bon jan pou yo bliye tout mizè yo, pandan lap veye tonton makout la kap gade yo tout.

Neg kap bale a koumanse santi li  mal devan makout la; li eseye pale de istwa wayòm nan lan jan pa li men li depale.

Wa a deklare kanaval la fini. Li di: Retire tout mask nou yo!

Yon machann te vini pase ak bak pate li, an pi makout la ofri tout moun manje. Lè machan nan mande pou yo peye l, makout la redi zam li an pi tout moun kouri. Makout la kenbe Rèn nan anpi li fòse l rete avèk li.

Pandan Rèn nan oblije ap sibi sa makout la ap fè li, wa a move, an pi li pase kòlè li sou foul la, pase li pa kapab di makout la anyen.Lè sa a nèg kap bale a gaye nèt: li wè tout rèv li avèk Vyèj pèdi nèt. De medam nan foul la koumanse bat msye an pi yo pile tout flè msye te vle bay yo.


LA PAROLE DES GRANDS FONDS

PAWOL GRAN FON
1973

Yon pyès ki fèt an sèt pati, ki chita sou dinamik lavil ak endeyò. Se Sito Cave ki ekri li. Li te prezante nan lane 1973 nan premye Festival Culturel de Fort-de-France. Se Jacky Charlier ki te mete li sou la sèn. Li te pran enspirasyon li nan relasyon lavil ak peyi andeyò a.

  • Ouvèti pyès la: yon fi ap salue piblik la, ak fòs jès, voye bo. Genyen yon gwoup kat fanm byen chik, ak chapo, evantay ; gen de mesye ak veston, jile, kravat ; gen yon granmoun avèk ke fann sou li, an pi yon jenom abiye pi relaks.
  • Yon peyisan vini rantre an pi lap pale sou tout sa li wè nan lavil la. Gwoup moun nan koumanse ap rikannen sou li, fè blag sou jan l abiye, jan li ye. Apre yon ti tan konvèsasyon vire sou yon jan seksyèl. Jenom nan kòmanse ajite jis li gaye.
  • Yon jènfi ak yon gramoun ap pale. Granmoun nan ap pale sonje tout machin ki kon travèse bouk la. Pa dèyè gen yon koral kap fè bas.
  • Yon nèg labank ap fè yon diskou sou kapital : lap esplike kouman kapital se zanmi pèp la.
  • Yon jij ap fè yon diskou pou mande pou yo bati plis prizon tankou Fò Dimanch.
  • Yon gwoup fanm kanpe ak linèt nwa nan je yo pou yo li yon seri konminike, pandan yap chare gouvènman an.
  • Yon veye andeyò :Pè Savann nan ak yon koral ap chante tout kalite mò a.

QUEL MORT TUA L’EMPEREUR ?*

KI MÒ KI TOUYE LANPERÈ?
1975

Pyès sila a, se Sito Cavé ki te ekri li, epi se te Jacky Charlier ki te mete li sou la sèn. Li te prezante nan lane 1975 nan dezyèm Festival Culturel de Fort-de-France, epi nan vil Nouyòk tou, nan Columbia University, nan Brooklyn epi nan Queens.

Lan mò Jean-Jacques Dessalines, Anperè, ki te ansasinen, youn nan ero endepandans Ayiti, rete jis jodi a yon gwo zafè nan lespri ak fòlklò ayisyen. Li rete vivan nan memwa nou pase nou fè l tounen yon Lwa, nou mete li nan chante ak kont nou.Nan pyès sa a, genyen de pèsonaj enpòtan: Anperè a, ak Defile, yon pòv ki pa byen nan tèt li. Se li ki ranmase mòso kadav Anperè a pou li antere yo.

*Nan kontex sa a, tit pyès lan lan vle di: ki mò yo voye soul lamperè a.


LES CHANTS DE MELANIE

CHANTE MELANIE
1977

(Sinopsis lan ap vin pi devan)


TELCIDE ET DURÉNA

TELCIDE AK DURENA
1978

Se Syto Cavé ki ekri piès sa a avek tex Régine Charlie.

De granmoun 80 a 90 zane. Se de payizan. Yo te o sèvis fanmi boujwazi liberal, yo jambe nivo boujwazi nwa. Yo travèse sosyete ayisienn nan, yo lan mem sitiasyon an. Anyin pa chanje. Kif kif bouriko!

Nan piès la, malgre laj yo, yo viv, yap mache. Se sou rytm yo pale. Tout pawol yo fonde sou pilsyon rytmik. Otou de yo gin yon pakèt lòt vizaj kap gravite. Pa egzamp, fam ki reprezante revèz la, li pale sou rytm Kongo; mem si ou pa tande rytm nan, tout pawol lidi yo lidi yo sou rytm Kongo. Fi fòl lan, tout pawol yo lidi yo sou rytm Yanvalou. Nèg ki vyolan an li pale sou rytm Petwo. Mim san ou pa tande rytm nan, pawol li di a li mache sou rytm Petwo, li mache sou rytm Kongo. 

” Nou tap fè rap san nou pat konnin. “